Byenvini sou BIOFRULIFE

Nou kontan pataje pasyon nou ak ou. 

KIYES NOU YE?

Biofrulife se yon mak pwodwi ak sèvis natirèl e biyolojik.  Nou angaje nou nan edike moun yon fason pou yo pran konsyans enpòtans pou yo viv ann amoni ak kò yo e ak lanati.

Nou espesyalize nan komèsyalizasyon  ak distribisyon fèy, kòs, ak rasin plant.  Anplis de sa, nou ofri sipleman nitrisyonèl bonjan kalite.  Chak pwodwi prezante ak anpil swen, ak yon angajman pou kalite ak satisfaksyon kliyan nou yo.

Sa ou dwe konnen

Kit ou se yon amatè ki renmen bwè ti te natirèl ou, oswa yon moun k’ap chèche solisyon pou amelyore sante ou, oswa yon moun k’ap chèche fèy ak kòs pou fè beny terapetik, nou gen sa ou bezwen yo.


Nou aplike fitoterapi ki gen nan plant yo

1

Omeyopati : tretman dous ak natirèl pou ranfòse defans kò a.

2

Te ak tizann: enfizyon natirèl pou soutni dijesyon, dòmi, ak detant.

3

Siwo ak dekoksyon : remèd natirèl pou pwoblèm respiratwa ak lòt maladi.


4

Beny terapetik : itilize plant pou revitalize ak relakse kò a.


Toujou Sonje

 

Enfòmasyon nou bay sou plant yo pa angaje nou.   Se responsabilite ou pou toujou enfòme ou sou chak plant ou ap konsome. Li enpòtan tou pou nou sonje byenke plant yo gen anpil benefis potansyèl, yo ka gen efè segondè si nou pran yo move fason anplis de sa gen nan yo ki ka bay pwoblèm si yo melanje ak kèk medikaman ou deja ap pran. Se poutèt sa, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl nan kesyon fèy oubyen doktè nou anvan ou itilize yo, espesyalman si ou ansent, ap bay tete oswa si ou deja gen yon pwoblèm sante. 

Byenfè kèk plant

SIMEN KONTRA

Simen kontra bon pou vè anpil. Li ede trete kostipasyon, noze, gaz, gastrit. Li bon pou emoroyid tou.

ZANMORÈT

Zanmòrèt se yon plant ki bon pou anpil maladi. Gen fi ki bwè te fèy sila a lè yo gen kis ak fibwòm.

ZO DEVAN

Zo devan bon anpil pou gason mòlòlò ki ta renmen vin tounen gason kanson.

TWAZÒMFÒ

Twazòmfò se yon plant medisinal pwisan. Li ede trete dyabèt, règ ki pa vle vini, règ ki pa regilye.

JENJANM ANMÈ

Yo itilize jenjanm anmè a anpil pou trete fredi. Fòk nou di tou gen de kalite jenjanm : jenjanm anmè ak jenjanm dous.

Nou se BIOFRULIFE KONPAYI FÈY TE W LA 

Livrezon

Rapid

Fèy Bon Kalite

Byen seche

Pri nou Abòdab

Achte an liy

Pwodwi Nou Yo

Chak pwodwi prezante ak anpil swen, ak yon angajman pou kalite ak satisfaksyon kliyan nou yo. Nou kwè nan pouvwa lanati, e se poutèt sa nou chwazi fèy ak kòs ki gen anpil benefis pou lasante ak byennèt ou.

Rete Konekte ak nou

Nou envite ou pou dekouvri benefis ki gen nan plant yo. Ekri nou siw genyen kesyon. 

Tout pwodwi  nou yo òganik