FÈY LANNI (Anethum graveolens L.)

$10.00

Kategori: Category:

Deskripsyon

Lanni se yon plant awomatik ki bon pou sante nou.

Lanni pa sèlman sèvi nan te, yo itilize l tou nan labouyi , nan manje kòm epis,yo tranpe l nan kleren,yo mete l nan boutèy remèd. Majorite moun di lanni bon pou gaz, vant balonnen, epi li bay apeti.  Li bon pou grip, li ede nou dijere pi byen. Nan ka fanm ki fè alètman, te lanni pèmèt lèt la koule pi byen,li trete règ ki pa regilye kay fi yo tou. Yo itilize grenn lan pou geri timoun ki gen kolik (vant fè mal).

Avètisman: Malgre lanni gen tout propriyete sa yo,nou dwe itilizel ak prekosyon. Li pa rekòmande pou fi ansent pran l. Lè yo pran lwil la ak fòt dòz , li koze noze,vomisman ak lòt problèm ankò.

Additional information

Weight 2 kg