FÈY LANGICHAT (Yo rele li tou : Langlichat | Lang chat) (Eupatorium odoratum L.)

$8.00

Kategori: Category:

Deskripsyon

Lang chat (langichat), se yon gwo remèd kont amigdalit, lalwèt tonbe, gòj fè mal, larenjit, grip, larim, pwoblèm respiratwa, opresyon, moun vwa yo anwe, elatriye. Li chaje pwopriyete medisinal.  Li bon tou pou lafyèv, se bouyi w bouyi l pou sa. Ou ka melanje ak fèy Dèyè Do, si lafyèv la pa vle tonbe.  Se yon anti enflamatwa puisan, ou ka pile l epi aplike l sou pati ki afekte a, epi mare li lejèman. Fèy lougawou fè w pipi, si ou gen pyè nan ren: l ap netwaye ak ede restore ren w. Li bon ou dijesyon tou.  Ou ka bouyi yon ponyen fèy, bwè 2-3 tas pa jou, ajen ak kèk minit avan manje.

Rasin Lang chat la gen pouvwa medisinal tou:

Li bon pou balonman, vant anfle, doulè gaz nan vant. Li bon ki règ ki vin anreta.

Avètisman: Fanm ansent oswa nouris k ap bay tete pa dwe bwè plant sa; evite bay timoun mwens 5 lane yo dòz sa yo san konsiltasyon yon pwofesyonèl swen sante oswa yon ekspè nan remèd plant.

Additional information

Weight 2 kg