FÈY KONKONM ZONBI (Yo rele li tou : Noni | Fèy doulè) (Morinda citrifolia)

$8.00

Kategori: Category:

Deskripsyon

Kit se fwi noni a kit se fèy noni a yo chak gen avantaj pa yo, yo konn rele fèy la fèy doulè. Fwi noni an bon pou kèk pwoblèm respiratwa tankou opresyon.  Li konbat fatig, amelyore andirans moun epi ou ka itilize l pou trete maladi nèg mòlòlò, enpotans, nèg ki pa bande e ki pa gen andirans seksyèl. Li ede amelyore sistèm iminitè ou. Li bon pou tretman ak prevansyon  kansè.

Li ede kontwole ak konbat dyabèt (maladi sik), li ede trete pwoblèm memwa, ou ka bwè l ansanm ak te melis; li bon pou pwoblèm tèt menm. Li konbat foli, apre sa ou ka fè yon konprès ak fèy joumou vèt ki pa pike pou malad la.

Si règ ou pa regilye ou ka jis manje fwi a konsa, oswa fè ji ak li pou w bwè, l ap fasilite règ la vini epi l ap ede w regilarize l. Li ede kò w geri blese pi rapid. Ou ka itlize l pou pran swen po.

Li ede  konbat doulè atrit (nan atikilasyon yo, tankou jenou, zepòl, koud, jwenti, chevi, ets…) ansanm ak safran se sa nèt, ak dlo bwapen. Pou nenpòt doulè a nou ka anplis ji fwi a, grese fèy noni (fèy doulè) a ak yon ti lwil maskreti epi chofe l sou ti dife, epi depoze l tankou yon konprès sou pati ki gen doulè ou ki gen enflamasyon an, l ap desann li rapid vit. Li ede konbat syatika, doulè rimatis byen. Li bon pou antòs ak foulay.

Li ede rezoud pwoblèm gastrik alèz. Yo vann fwi a an poud tou, nou ka itilize poud la nan ji, ou dlo cho pou n konsome l, nou ka itilize l nan manje tou, men l pi bon lè n pa kwit li. Poud la bon pou Pakinson.   Fwi a bon, fèy la menm se pa pale, grenn yo bon, depi se doulè (li analjezik), timè, enflamasyon se youn nan plant pou n panse. Li plen lòt benefis nou pa site la a. Nan yon lòt dimansyon, fwi a fasilite epi ede malad sitou bebe retabli pi vit, menm si w jis depoze l tou pre moun malad la oswa ou antoure moun nan ak anpe fwi konsa.

Additional information

Weight 2 kg