Byenfè kèk plant

 

Enfòmasyon nou bay sou plant yo pa angaje nou.   Se responsabilite ou pou toujou enfòme ou sou chak plant ou ap konsome. Li enpòtan tou pou nou sonje byenke plant yo gen anpil benefis potansyèl, yo ka gen efè segondè si nou pran yo move fason anplis de sa gen nan yo ki ka bay pwoblèm si yo melanje ak kèk medikaman ou deja ap pran. Se poutèt sa, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl nan kesyon fèy oubyen doktè nou anvan ou itilize yo, espesyalman si ou ansent, ap bay tete oswa si ou deja gen yon pwoblèm sante. 

Amwaz se yon plant yo itilize depi plizyè syèk nan divès pratik medsin tradisyonèl. Men kèk nan benefis potansyèl li yo:

1. Pwopriyete dijestif : Yo souvan itilize amwaz pou soulaje pwoblèm dijestif, tankou gonfleman, gaz ak doulè vant fè mal. Li ka stimile apeti  epi favorize dijesyon.

2. Konbat enflamasyon : Kèk etid sijere amwaz gen pwopriyete anti enflamatwa, sa ki ka ede diminye enflamasyon nan kò a.

3. Fòtifye sistèm defans: Amwaz ka ede konbat kèk bakteri ak chanpiyon, sa ki ka fè li tounen yon remèd natirèl pou kèk enfeksyon.

4. Jere dezòd manstriyèl : Nan medsin tradisyonèl, yo souvan itilize amwaz pou ede regle sik menstriyèl lakay fanm ak soulaje doulè règ yo.

5. Efè kalman : Yo itilize kèk varyete amwaz pou ede diminye anksyete ak strès lakay moun.

6. Antioksidan: Amwaz gen konpoze antioksidan ki ede neytalize radikal lib nan kò a, sa ki kontribye nan pwoteksyon selil nan kò a.

7. Itilizasyon nan aromatapi : Yo pafwa itilize lwil esansyèl amwaz nan aromatapi pou efè kalman ak relaksan li yo.

Anikòn se youn nan pi gwo plant ki gen pwopriyete antipwazon sou latè, li pa fasil pou jwenn li ; menm moun ki abitye ak fwi a pa toujou konnen pyebwa a paske se pa yon bagay ou jwenn fasilman.
Anikòn efikas kont doulè vant fè mal, menm lè doulè a te la depi lontan. Yo itilize li pou soulaje doulè règ, nan ka sa a yo konn fè yon enfizyon ak li epi bwè li. Yo konn itilize li pou trete ilsè gastrik.
Gous li yo long anpil, e anndan yo, ou jwenn grenn ki souvan gen fòm kè. Se poutèt sa yo rele li “heart-seed” (grenn kè). Li pa gate fasilman si ou pa ekspoze li a twòp imidite oswa
kote ki mouye. Ou ka kite l nan nenpòt kwen lakay ou, li ka dire plizyè ane, e ou ka itilize ti kal pa ti kal selon kantite ou bezwen an ou ap jis graje li.

Gen moun ki itilize l pou jan l fò e kwape vye enèji.   Gen moun ki toujou gen 1 a 3 grenn nan pòch yo, konsa tou moun konn fè bijou ak li pou mete lakay yo ou pote sou yo.

Yo itilize asosi pou netwaye toksin ki gen nan kò a, li ede diminye sik nan san an, presyon san, ede ak pwoblèm dijestif, epi tou touye parazit oswa vè.

Ave diferan ak Vèvenn ke rat ou vèvenn vyolèt la yo konn itilize pou sezisman. Malgre li gen yon gwo sant fò, se youn nan plant ki pi efikas sou latè beni. Tout pati nan plant sa a ka fè mirak depi ou konn kijan pou itilize li.

Kèk nan byenfè pi popilè li genyen:

  • Li bon pou doulè (Tankou tèt fè mal, migrèn, doulè rimatis, vant fè mal, doulè règ elatriye)
  • Li konbat enflamasyon
  • Li ede nan tout kalite ka prevansyon ak treteman kansè
  • Li konbat tout kalite enfeksyon
  • Anti-timè
  • Anti-asmatik
  • Li bon pou rim, grip ak dyare
  • Li ede amelyore kapasite mantal
  • Li kwape maladi gal, non sèlman ou ka bwè l men tou ou ka fè beny ak fèy la, l ap elimine gal la epi repare po a byen bèl, byen swa.
  • Si w gen pwoblèm kadyak li ka ede tou

Fanm ki ansent pa dwe bwè te fèy ak rasin ave paske li ka fè ou fè avòtman

Si w nan medikaman anti-koyagilan (ki pou ede ou likefye san ou) ou pa dwe bwè li nonplis.

Bouldimas se yon plant ònemantal sa vle di yo itilize li pou fè bèbèl, men tou se yon plant medisinal ki gen anpil byenfè :

Nan ka akouchman yo konn sèvi ak li pou fè lavaj, yo konn fè tizan ak li.  Li ede fi ki gen san ki pa koule byen lè yo gen règ.  Li fonn san.  Gen moun ki di li bon pou sik, tansyon, kansè, maladi pwostat lakay gason.  Yo konn itilize fèy bouldimas ak lwil maskreti pou soulaje kriz tèt fè mal.  Menm ke plant sa a gen anpil byenfè li pa rekòmande pou fanm ansent bwè li paske li kapab fè li fè avòtman e pèdi bebe a.

Bwadchèn se yon gro remèd. Gen moun ki itilize kòs la pou ede yo ak maladi sik (dyabèt).  Yo konn fè beny pou fanm ki fenk akouche avè l tou.

Fèy Bwa toti bon anpil pou vant fè mal, gaz ak gonfleman.

Fèy sa a santi fò lè ou fwote li.  Gen kote yo sèvi ak li pou fè beny « dyòk » (Pou retire « giyon »).  Yo itilize li anpil pou kwape movèzespri.

Ni fèy ni kòs kanpèch la vrèman bon si ou konn kijan pou itilize li.  Yo itilize li pou enflamasyon mikez ki nan ti entesten an.  Li bon pou twoub gastro entestinal, pou dyare.  Pou enfeksyon, pèt blanch.  Pou bese lafyèv.  Si ou blese ou ka itilize li pou sikatrize plè a.  Li kanpe emoraji.  Si ou fè antòs ou ka mare fèy la sou kote a epi ou ap jwenn soulajman.

Yo itilize li kòm afwodizyak nan boutèy kleren yo rele « tranpe bwa kochon an ». Li bay andirans e li ede gason ki gen pwoblèm libido yo.

Menm jan ak bwa kaka, bwa maskreti, bwa metsiyen beni, sèd, bwa kafe, briyòl, lobelia, yo itilize bwa pini pou kwape move zè ak vye lespri, lakou ki ante, pèsekisyon, lougawou, dyòk, giyon, elatriye.

Chikchik bon pou enfeksyon.  Yo konn fè beny pou fanm ki fenk akouche avè l tou.

Ekaliptis ede konbat grip, rim, tous. Li ede tou ak dyabèt, malarya, pwoblèm fwa ak sinizit (Ou ka fè vapè ak fèy la toufe).  Li efikas anpil pou bwonchit ak opresyon e li netwaye vwa respiratwa yo pwòp.  Li jere doulè lestomak; se youn nan mèt plant ki ap ba ou bon rezilta si w ap lite ak maladi sinizit. Li ede  pirifye san , restore kò ak elimine strès.

Fèy kachiman gen vitamin A, fè, fosfò ak anpil fib.  Yo itilizel pou gonfleman, bakteri, vè, pou dyare, pwoblèm gastrik, li regle tranzit entestiinal byen.  Li bon tou pou lafyèv, doulè rimatis, pye anfle, antòs, abse, doulè nan dan.

Kalbas se yon plant ki fasil pou grandi, sa ki fè li aksesib pou anpil moun. Nan anpil kominote, li toujou jwe yon wòl enpòtan nan agrikilti ak nan ekonomi lokal la. Se yon egzanp klè sou kijan lanati ka sèvi kòm yon sous resous pou moun, pandan y ap montre richès kiltirèl ak tradisyonèl Ayiti.  Kalbas se yon plant ki gen anpil itilizasyon nan kilti ak tradisyon Ayisyen. Anplis de sa li se yon eleman enpòtan nan atizana, kote yo itilize li pou fè divès objè, tankou veso, jwèt, ak lòt dekorasyon.

Nan tradisyon Tayino yo ki tap viv sou bout tè Ayiti ak lòt endyen ki te gen nan rejyon an, kalbas te gen yon siyifikasyon espesyal, li te sèvi kòm yon senbòl nan lavi chak jou yo. Yo te itilize li pou fè manje, pou bwè, ak pou fè rit ak seremoni. Yo te konn sèvi ak kalbas tou pou konbat refwadisman.  Anplis de sa, engredyan ki anndan kalbas la, ki gen pwopriyete medsin, te itilize pou trete plizyè maladi, sa ki montre kijan plant sa a te enpòtan nan lavi yo.  Jounen  jodia nou sèvi ak engredyan ki anndan kalbas la pou trete kèk maladi moun konn gen sou po kò yo , lè yo pran kout solèy yo konn sèvi ak li tou.

Te fèy gwayav kapab ede’w trete bwonch ak tous.  Lè li melanje ak fèy kowosòl, li netwaye matris la, nan sans sa a li bon pou moun ki gen ni fibwòm ni kis epi li ede debouche twonp yo; li ede kont kansè men kansè matris espesyalman. Te fèy gwayav ogmante fètilite lakay gason , li asire kwasans espèmatozoyid yo si tout fwa gason an gen espèm fèb.

Si’w gen kolik, ou gen dyare ou bwè te fèy gwayav oswa manje kèlke gwayav ou ji gwayav lap sere’w rapid.  Lè ou bouyi fèy gwayav epi lave bouboun ou ak li, li pèmèt bouboun ou retresi, li sere bouboun ou.   Si’w gen asid (Ilsè lestomak) sa nou rele lestomak boule a : Ou kapab pran kèlke tigwayav ki fèk kale, souse po’a , kraze yo anba dan ou, bwè ji a, asid la ap disparèt byen rapid.  Té gwayav gen anpil benefis nan swen cheve tou e li ede konbat chit (cheve k’ap kase).

Tij gwo ten melanje ak fèy yo ede kwape grip ak nèvwozite.  Si ou gen san ki kaye ou gonfle anba po ou lap jere sa.  Ni te a, ni beny fèy gwo ten an bon.  Si ou gen vètij oubyen tèt vire/tèt fè mal, ou fè yon te fèy sa a, ou ap soulaje rapidman, ou ka bouyi l e respire vapè a tou.

Li ede jere gaz, doulè vant  ak pwoblèm dijesyon lè ou melanje li ak zèbaklou, ti po lay oubyen atiyayo.  Toujou eseye mete sèlman 7 fèy pou yon lit dlo. Fèy la bon tou nan beny lavman pou medam yo jere bouboun yo.

Yo itilize jenjanm anmè a anpil pou trete fredi.  Fòk nou di tou gen de kalite jenjanm : jenjanm anmè ak jenjanm dous. Yo chak gen espesyalite pa yo apa malgre yo pataje preske menm byenfè sou sante.

Yo itilize kadav gate kòm pafim pou kwape move zè, repouse vye lespri. Men gen anpil bagay noou ka fè ak kòs pyebwa kadav gate a pa ekzanp tranpe nan gwòg kont pwazon. Nou ka mete l nan beny ak boutèy kòs tou.

*Deklarasyon FDA:* « Food and Drug Administration » pa t evalye deklarasyon sa a yo. Pwodwi sa a yo pa fèt pou dyagnostike, trete, geri, oswa anpeche maladi. Enfòmasyon ki la a jeneral e yo pa dwe konsidere kòm konsèy medikal.