Description
🌿 Beny Lache Kò
Yon beny natirèl ki ede soulaje kò fè mal ak fatig, detann kò a epi favorize yon sansasyon rilaks ak byennèt. Li ka ede ou pran yon ti moman pou dekonekte ou, repoze epi santi kò ou pi lejè.
Nan sachè beny sa a ou ap jwenn yon ti bout savon lave ak yon ti ponyen gwo sèl.
Jan ou ka prepare beny lan:
Nan yon kivèt pwop, vide yon bon kantite dlo, ajoute fèy la ak sèl la, ou ka ajoute kèk gout nan yon luil esansyèl ou renmen sant li tou. Byen fwote tout melanj lan pou l detenn nan dlo a, ba l kèk minit pou sèl la ka fonn. Itilize bout savon lave a pou benyen epi bat kò ou ak fèy yo.
Si ou vle, olye ou itilize kivèt, ou ka fè beny lan direkteman nan basen douch ou tou (baignoire/bathtub).






