Description
BAZILIK
(Ocimum sanctum)
Bazilik se yon plant ekstrawòdinè. Lè w itilize epis natirèl sa a, li ede w jere sante w an jeneral. Yo itilize li pou beny ak lave kay paske yo rekonèt li kòm youn nan pi gwo plant ki bon pou kwape move zè, vye lespri elatriye. Li gen anpil lòt benefis tankou:
Li bon pou kè w. Li ede ou jere sistèm iminitè. Li ede ou fè prevansyon kont kansè. Li bon pou sèvèl, li relakse e ede konbat strès. Li ede rete fokis, li bon pou memwa, li ede ou rete djanm. Li ede fwa ou fonksyone byen. Li plen antiyoksidan ki ede konbat tout kalite maladi. Li ede elimine viris, enfeksyon, move bakteri. Li se yon anti-enflamatwa natirèl pisan. Li ede nan kesyon fètilite pou moun ki vle fè timoun. Li se yon afwodizyak natirèl ki ede stimile sans moun.