FÈY CHOUBLAK

$10.00

6 in stock

Category:

Description

Flè choublak se yon gwo senbòl nan kilti Ayisyen lan ki reprezante bèlte ak rezistans. Moun sèvi avèk li anpil nan remèd fèy, swen cheve, ak byennèt chak jou.

Grip : Yo konn bouyi flè a ak fèy yo pou fè yon bon te pou grip ; yo konn ajoute sitwon nan te a.

Swen Cheve: Yo pile oswa bouyi fèy yo pou rale yon likid glise. Yo sèvi avè l kòm yon kondisyonè natirèl pou idrate cheve, repare pwent, epi fè cheve a grandi.

Beny Fèy: Nan kilti lakay, yo mete fèy choublak nan beny refwadisman pou chase move move lespri oswa pou kalme kò a.

Ede nan Dijesyon: Li ede nan rann dijesyon an pi fasil epi netwaye lestomak.

Rich an Antioksidan: Li gen anpil vitamin C ki ede ranfòse sistèm iminitè a epi konbat enflamasyon.

Kontwole Tansyon: Te choublak repite pou ede desann ak estabilize tansyon wo.

Additional information

Weight 2 kg
Pwa

2 oz