Description
Grenn lyann legliz la toksik anpil e li ka touye yon moun nan yon bat je. Men malgre sa, lè w itilize l nan dòz ki apwopriye, li ka sèvi kòm yon remèd efikas pou plizyè pwoblèm sante Li bon pou:
Palpitasyon : Si kè ou plede bat fò, ou ka pile fèy la ou pran ji a.
Pylori: Si ou enfize poud rasin lyann legliz la nan dlo tyèd epi bwè l de fwa pa jou pandan 12 jou, sa ka ede elimine bakteri sa a nan lestomak ou.
Tansyon Wo: Lè w konbine grenn li yo ak lòt fèy ki gen pwopriyete kontwòl tansyon, tankou Diven Jezi sa ka ede diminye tansyon wo.
Ede gason rete djanm: Poud fèy la ka sèvi kòm yon remèd pou gason ki santi yo manke enèji oswa vitalite.
Pwoblèm Respiratwa: Rasin ak fèy yo ka itilize pou trete tous, grip, koklich, opresyon, ak doulè nan gòj.
Doulè ak Rimatis: Ou ka pile fèy, tij, ak rasin nan soulaje doulè rimatis lè w aplike l sou zòn ki fè ou mal la.
Move zè : Li ede kwape movezè
Antidòt : Si yon koulèv mòde ou, ou ka bouyi 4 a 7 ti branch lyann lan epi 3 a 5 bout rasin pandan anviwon 10 a 13 minit pou bwè epi mete yon ti fèy pile sou kote koulèv la mòde ou la.
Enpòtan :
Fanm ansent pa dwe pwoche plant sa a paske li ka fè ou fè avòtman.
Si ou manyen yon ti grenn ki fann, lave men ou ap anplis dlo, sonje li toksik anpil e se moun ki konnen ki ka manipile li.





