Description
Yo konn mete li nan beny pou fanm ki fenk akouche; Yo konn itilize rasin nan pou fanm ki gen pwoblèm fè timoun tou.
Fèy la bon pou lafyèv ak dyare. Tout plant lan nèt bon pou lafyèv malarya, tizann fèy la bon pou pyè nan ren, bwonch fèb ak koklich.
Si ou gen tèt fè mal, ou ka jis pile fèy yo epi mare yon konprès sou tèt ou.
An Ayiti se plis grenn nan yo konn itilize pou trete moun: yo konn griye grenn pwa pyant lan pou kontrekare dyabèt, grenn griye a bon pou sezisman tou.





