Description
Yo konn gen tandans konfons flè sorèl ak flè choublak.
Flè sorèl la gen yon koulè wouj fonse ak yon gou asid ki rafrechisan. Yo konn bwè li cho oubyen frèt selon preferans ou men li pa sèlman yon bwason ki gen bon gou, se yon remèd tradisyonèl ki gen anpil enpòtans.
Plant sa a gen vitamin C ak antiyoksidan, ki ede bese tansyon natirèlman, ede fwa a ret an sante epi byen fonksyone, nouri kò a epi bay plis vitalite
Lakay medam yo, Sorèl se yon sipò natirèl pou ede netwaye matris la apre règ. Li ede si règ vini anreta. Ak 2 ou 3 baton kanèl ladan li, sa ede règ la koule pi byen men si ou deja yon moun ki gen règ ki koule fò li pa rekòmande pou pran li anpil lè ou pral gen règ la.






