Description
VÈVENN (Yo rele li tou : Zèb lakwa )
(Stachytarpheta jamaicensis (L.) J. Vahl.)
Fèy vèvenn egziste depi trè lontan. Li gen plizyè byenfè. Youn nan pwopriyete ki fè anpil nan nou konnen li se paske li bon anpil pou moun ki fè kout san, moun ki soufri palpitasyon, atak panik ak anksyete paske li kalme sistèm nève a e li ede sèvo a pwodui plis dopamin ki ede moun kalme yo. Gen moun ki konn devlope pwoblèm dijesyon afòs yo strese, vèvenn bon pou moun ki gen pwoblèm dijesyon ki lye ak strès ak twòp kalkil. Li ede elimine vye bakteri tou e li bon pou moun ki gen vè, pou moun ki gen malkadi gras a “Verbenin” ki gen ladan l. Li bon pou moun ki paka dòmi, e kontrèman ak kèk medikaman moun konn pran lè yo paka dòmi, lè ou leve nan demen ou pa santi kò ou kraze men ou kenbe tout enèji ou. Li ede stimile fwa a e retire dechè ki ladan li. Li ogmante kapasite pou ren nou elimine vye dechè ki ladanl. Li ede elimine likid kò a pa bezwen. Li gen kèk konpozan ladan l ki anpeche kansè grandi nan kò moun. Li bon pou moun ki soufri alzaymè, pou moun ki te fè strok. Li anpeche anpil move bakteri miltipliye san ou pa bezwen pran grenn antibyotik.