FÈY WOU

$8.00

3 in stock

Category:

Description

WOU

(Ruta chalepensis L.)

Yo itilize wou Pou Kwape movèzespri, move enèji.  Yo pase li sou po, yo fè beny ak li. Li chaje ak lòt benefis efikas tankou li se yon anti-pwazon puisan.  Si ou toujou gen twonboz (thrombosis), se youn nan plant k ap ede w konbat sa. Li ede ou evite yon stwok oswa kriz kadyak. Plant sa se youn nan plant ki bon pou sante kè nou, sitou moun ki gen batman ki pa regilye, oswa batman kè a swiv yon rit anòmal. Menm jan ak melis, wou se yon gwo zam pou konbat kondisyon sa yo konn rele nan langaj medikal aritma (arythmie an fransè; arrhythmia an anglè). Li efikas kont doulè règ ak vant fè mal, li menm ede konbat doulè cham, ak lòt pwoblèm gastwoentestinal. Si w toujou balonnen, gen gaz, endijesyon, li ka ede w. Li ede jere sante je nou.

Additional information

Pwa

2 oz