Nou aplike fitoterapi ki gen ladan l:

Awomaterapi : itilizasyon lwil esansyèl pou amelyore byennèt mantal ak fizik.

– Te ak tizann: enfizyon natirèl pou soutni dijesyon, dòmi, ak detant.

Kataplasm ak konprès: swen ekstèn pou soulaje doulè ak enflamasyon.

– Tenti ak ekstrè likid: solisyon konsantre pou plizyè bezwen sante.

– Omeyopati : tretman dous ak natirèl pou ranfòse defans kò a.

– Beny terapetik : itilize plant pou revitalize ak relakse kò a.

– Siwo ak dekoksyon : remèd natirèl pou pwoblèm respiratwa ak lòt maladi.

– Sipleman natirèl ak byolojik ki chaje ak vitamin : pou konplete ak ranfòse sante ou.

Kiyès nou ye?

Biofrulife se yon mak pwodwi ak sèvis natirèl e biyolojik.  Nou angaje nou nan edike moun yon fason pou yo pran konsyans enpòtans pou yo viv ann amoni ak kò yo e ak lanati.

Nou espesyalize nan komèsyalizasyon  ak distribisyon fèy, kòs, ak rasin plant.  Anplis de sa, nou ofri sipleman nitrisyonèl bonjan kalite.  Chak pwodwi prezante ak anpil swen, ak yon angajman pou kalite ak satisfaksyon kliyan nou yo.

 
Nou envite ou pou dekouvri benefis ki gen nan plant yo tout pandan w’ap pran swen tèt ou e nou swete sa pral amelyore eksperyans ou ak lanati.

Mèsi paske ou chwazi Biofrulife!

Nou kwè nan pouvwa lanati

Kit ou se yon amatè ki renmen bwè ti te natirèl ou, oswa yon moun k’ap chèche solisyon pou amelyore sante ou, oswa yon moun k’ap chèche fèy ak kòs pou fè beny terapetik, nou gen sa ou bezwen yo.

Asosi

Yo itilize asosi pou netwaye toksin ki gen nan kò a.

Ekaliptis

Ekaliptis ede konbat grip, rim, tous ak dyabèt.

Twonpèt

Yo konn itilize fèy twonpèt pou enfeksyon vajinal. Li ede sere bouboun.

Melis

Te melis se youn yon remèd efikas pou anpil pwoblèm sante.

BWA KOCHON

Yo itilize li kòm afwodizyak nan boutèy kleren, li bay andirans.

Tout pwodwi  nou yo òganik