Tèm ak Kondisyon

  1. Aksepte kòmand:
– BIOFRULIFE aksepte yon kòmand sèlman lè kliyan an fin konplete tout pwosesis la sou sit entènèt la. – Nou ekspedye kòmand nou resevwa atravè USPS oubyen UPS nan 3 a 5 jou ouvrab. – Ou ap resevwa yon imèl ak nimewo pou swiv koli ou la otomatikman nou expedye kòmand ou an. – BIOFRULIFE gen dwa pou refize nenpòt kòmand pou rezon ki gen rapò ak disponiblite pwodwi yo oubyen pou erè nan pri.

  1. Pri ak Pèman:
– Tout pri ki afiche sou sit la ka chanje san avètisman. Tanpri toujou verifye pri final la anvan ou fè yon acha. – Kliyan an yo ka peye avèk kat debi ou kredi, PayPal, oswa lòt metòd pèman ki endike sou sit la.

  1. Livrezon:
– Tanpri asire ou enfòmasyon livrezon ou lan kòrèk.  BIOFRULIFE pa responsab nenpòt reta oswa pwoblèm ki rive akòz enfòmasyon yon kliyan bay ki pa kòrèk. – Tan livrezon an ka varye selon zòn lan. BIOFRULIFE ap toujou enfòme kliyan an sou nenpòt reta si sa ta rive.

  1. Retou ak Ranbousman:
– Akòz rezon sanitè, nou pa aksepte retou. –  Nou pap kapab remèt lajan oubyen jere kòmand ki pa rive jwenn ou paske ou te bay yon adrès ki pa kòrèk.

  1. Sèvis Kliyan:
– Kliyan yo ka kontakte sèvis kliyan BIOFRULIFE la pou kesyon, demann, oswa pwoblèm yo rankontre sou sit la pa imèl oswa telefòn, jan sa endike sou sit la.

  1. Responsablite:
–  Enfòmasyon nou bay sou plant yo pa angaje BIOFRULIFE.   Se responsabilite kliyan an pou li toujou enfòme li sou chak plant ak sipleman l’ap itilize.   Li enpòtan tou pou nou sonje byenke plant yo gen anpil benefis potansyèl, yo ka gen efè segondè si nou pran yo move fason anplis de sa gen nan yo ki ka bay pwoblèm si yo melanje ak kèk medikaman ou deja ap pran. Se poutèt sa, li rekòmande pou konsilte yon pwofesyonèl nan kesyon fèy oubyen doktè nou anvan ou itilize yo, espesyalman si ou ansent, ap bay tete oswa si ou deja gen yon pwoblèm sante.

  1. Chanjman nan Règleman:
– BIOFRULIFE gen dwa pou li chanje règleman ak kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Si sa ta fèt, l’ap enfòme kliyan yo de chanjman sa yo sou sit la.

  1. Entèdiksyon:
– Itilizasyon sit sa a pa otorize pou nenpòt aktivite ki ilegal oswa ki vyole règ nou sot site yo. Kliyan ki vyole règleman sa a yo ap gen pou fè fas ak sanksyon ki prevwa pou sa.

  1. Deklarasyon / Akò
Depi ou achte nenpòt pwodwi sou sit entènèt sa a, BIOFRULIFE konsidere ou dakò ak tout règleman ak kondisyon ki etabli yo. Mèsi paske ou chwazi Biofrulife!