FÈY KALBAS

$8.00

5 in stock

Category:

Description

KALBAS

(Lagenaria leucantha Rusby Crescentia cujete L.)

Kalbas fasil pou grandi, sa ki fè li aksesib pou anpil moun. Nan anpil kominote, li toujou jwe yon wòl enpòtan nan agrikilti ak nan ekonomi lokal la. Se yon egzanp klè sou kijan lanati ka sèvi kòm yon sous resous pou moun, pandan y ap montre richès kiltirèl ak tradisyonèl Ayiti.  Yo itilize kalbas anpil nan kilti ak tradisyon Ayisyen. Anplis de sa li se yon eleman enpòtan nan atizana, kote yo itilize li pou fè divès objè, tankou veso, jwèt, ak lòt dekorasyon.

Nan tradisyon Tayino yo ki tap viv sou bout tè Ayiti ak lòt endyen ki te gen nan rejyon an, kalbas te gen yon siyifikasyon espesyal, li te sèvi kòm yon senbòl nan lavi chak jou yo. Yo te itilize li pou fè manje, pou bwè, ak pou fè rit ak seremoni. Yo te konn sèvi ak kalbas tou pou konbat refwadisman.  Anplis de sa, engredyan ki anndan kalbas la, ki gen pwopriyete medsin, te itilize pou trete plizyè maladi, sa ki montre kijan plant sa a te enpòtan nan lavi yo.  Jounen  jodia nou sèvi ak engredyan ki anndan kalbas la pou trete kèk maladi moun konn gen sou po kò yo , lè yo pran kout solèy yo konn sèvi ak li tou.

Fèy kalbas fasilite dijesyon e li netwaye trip tou.  Li ede elimine toksin nan kò a e li ka ede ou pèdi pwa.

Additional information

Pwa

2 oz